, ,

Yon eksperyans San Vyolans pou manm Miltipasyone yo

Yon eksperyans San Vyolans pou manm Miltipasyone yo

Li pa toujou fasil pou yon moun rive louvri’l, swa ak yon moun, swa ak pwòp tèt li (sa ki 4 fwa pi difisil).

Menm jan, se toujou yon goumen pou 2 moun rive dakò osinon antann yo sou yon sijè kèlkonk. Men gen yon rezon pou sa (ou pral dim manti) : Sistèm kominikasyon nou etabli a gen tandans agresif.

Nou wè sa nou vle, san nou pa panse ak lòt la. Ki pa fin yon bon bagay, paske chak grenn kretyen vivan gen panse, santiman ak bezwen yo. Mwen pa vin fè kou kominikasyon pou nou, se yon rezime mwen te vin bay…

Nan jounen ki te dimanch 11 me a, jèn evolisyonè Miltipasyone Group yo te òganize yon fòmasyon sou: “Kominikasyon tèt ansanm”, ke Neno Garbers, mizisyen, kòdonate travay sosyal ak kiltirèl, medyatè terapi literè, ekriven, jounalis, ak anpil lòt chapo te preside.

Yon fomasyon ki fèt sou fòm atelye nan yon anbyans lanmou, kote chak moun tap pataje santiman yo e aprann konn plis sou tèt yo ak sou lòt. Nan mitan ti pale, egzesis pratik ak ti seyans meditasyon, nou aprann idantifye santiman nou ak pa lòt moun, yon fason pou nou abòde epi jere kominikasyon ak konfli san blese ni ofanse moun anfas nou an men tou, aprann fè lide pa nou an pase san nou pa enpoze nou ni kwense moun nan non plis.

Yon bèl eksperyans ki te yon senp entwodiksyon pou yon avanti ki pwomèt pou li pi bèl e pi long.

Miltipasyone Group sousye li de sante fizik ak mantal chak manm nan fanmi l. Nan optik sa, li asirel manm li yo bèl ak byen antoure.

Mwen envite nou swiv paj Miltipasyone a si nou potko fèl paske gen yon bann bèl lòt evènman kap vini.

  • Loy Armand (manm Miltipasyone Group
Tags

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Profile

Culture5Media

Explorez la diversité culturelle à travers des articles, interviews et guides de voyage. Plongez dans l’art, la musique, la mode et la gastronomie. Rejoignez-nous pour découvrir des trésors cachés et célébrer notre humanité partagée. Culture5 Magazine, votre passeport vers l’inspiration culturelle.